

“Santew se priorite nou”
UNIVERS PLUS
Asistans ak kowòdinasyon vwayaj medikal an Kiba pou pasyan ayisyen ak fanmi yo.
Nouvèl Univers Plus
Pa gen nouvo anons pou kounye a.
Yon ekip ayisyen bò kote w
Univers Plus se yon ajans yon gwoup jèn medsen ayisyen ki etidye nan peyi Kiba te kreye. Yo te wè nesesite pou malad an Ayiti jwenn yon vwayaj byen òganize ak aksè ak swen nan lopital Kiba, avèk responsablite ak matirite.
Ou bezwen vini Kiba pou swen medikal men ou pa konnen ki demach pou fè? Ekip nou an ede w òganize dosye a, viza medikal la ak vwayaj la. Sante w ak sante moun ou renmen yo pa yon jwèt.
Premye konsiltasyon pou planifye vwayaj la: GRATIS
Ekri nou jodi a pou nou pale sou kijan pou planifye vwayaj medikal ou. Premye konsiltasyon sa a gratis; etid dosye, swen medikal ak lòt sèvis yo gen frè apa.
Ekri nou sou WhatsAppPoukisa chwazi Univers Plus
Akonpayman imen
Yon moun ki koute w, ki pale lang ou, epi ki la pou w anvan, pandan e apre vwayaj la.
Kowòdinasyon klè
Nou ede w òganize randevou, vwayaj, lojman ak deplasman, ak enfòmasyon klè sou chak etap.
Fanmi nan dyaspora
Fanmi w Ozetazini, Kanada, Lafrans, Chili, Brezil oswa lòt kote ka swiv dosye a epi kontakte nou fasil.

Ou gen yon kesyon? Pale avèk nou kounye a.
Nou reponn sou WhatsApp nan kreyòl, fransè, panyòl ak anglè.